(2) Senyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la! (3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo. (4) Lè m'ap gade syèl la byen ou fè ak pwòp men ou Lalin ak zetwal ou mete ladan li, (5) m'ap mande: — Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa? (6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè. (7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo: (8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo, (9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè. (10) Senyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!
Li Sòm 8
Koute Sòm 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 8:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo