Sòm 73

73
TWAZYÈM LIV LA
(Sòm 73—89)
SÒM 73 (72)
Jistis Bondye
(1a) Se #Sòm 24.4 yon sòm Asaf.
1(1b) Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la,
pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
2Men, pye m glise, li manke chape,
ti kras mwen tonbe,
3paske #Jòb 21.7; Sòm 37.1 mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo
lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
4Yo pa gen pwoblèm,
yo pa malad, yo byen gra.
5Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri.
Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
6Yo #Sòm 109.18 pran pòz pa kanmarad pèsonn,
y'ap plede bat moun.
7#Sòm 17.10 yo plen mechanste.
Yo plen move plan nan tèt yo.
8Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl.
Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal,
y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
10 # 73.10: Nou pa fin konprann sans vèsè sa a nan tèks ebre a. Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo,
yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.
11Epi #Jòb 22.13; Sòm 10.11 yo di: — Ki jan pou Bondye fè konnen?
Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l ta pase pou li konnen?
12Wi, men ki jan mechan yo ye:
Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou richès.
13Nan #Jòb 21.15; 34.9; Sòm 26.6; Mal 3.14 kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay?
Se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè?
14Se #Rev 3.19 tout lajounen, Bondye, w'ap fè m soufri.
Chak maten, ou la pou pini mwen.
15Si m'di nan kè mwen: Bon, m'ap pale tankou mechan yo!
Si m' fè sa, se trayi mwen trayi moun k'ap sèvi ou yo.
16Se konsa mwen kalkile anpil pou m konprann bagay sa a.
Men, se pat bagay fasil menm pou mwen,
17jouk #Sòm 37.38 lè mwen te al antre lakay ou,
pou m wè jan mechan yo gen pou yo fini.
18Wi, #Sòm 35.6 ou mete yo sou yon chemen glise,
ou fè yo tonbe, epi yo fini.
19Kisa #Jòb 18.11 ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini,
yo disparèt sitèlman yo pè.
20Senyè, #Jòb 20.8; Sòm 78.65 yo tankou yon rèv moun fè
Leve ou leve, ou gentan bliye yo.
21Lè sa a, mwen santi m dekouraje;
sa te fè m mal anpil.
22Mwen #Jòb 18.3 te sòt, mwen pat konprann anyen.
Mwen te tankou yon bèt devan ou.
23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou,
ou kenbe men m pou m pa tonbe.
24Ou #Sòm 32.8; 49.15; Jan 14.3 ban m konsèy pou m pa pèdi chemen m.
Lèfini, ou resevwa m lakay ou.
25Se #Sòm 16.2; Eza 26.8; Fil 3.8 ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt.
Se ou ki tout plezi m sou latè.
26Kò m #Sòm 16.5; 84.2 te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga,
se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen,
se ou menm ki tout mwen.
27Se #Egz 34.15; Sòm 106.39; Jak 4.4 vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri,
w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.
28Mwen #Sòm 14.6; 118.17; Eb 10.22; Jak 4.8 menm, sa bon nèt pou m rete bò kote Bondye:
Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon.
M'a fè konnen tou sa li fè.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 73: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an