(7) Wi, depi mwen fèt, mwen fèt nan peche. Depi nan vant manman m, san peche a nan venn mwen. (8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m konprann tout bagay non! (9) Wete peche m lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m fè sèvis pou ou. Lave m, m'a pi blan pase koton. (10) Fè m tande pawòl ki pou fè kè m kontan an, pawòl ki pou fè m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m, men w'a fè kè m kontan ankò. (11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. (12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm. (13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. (14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan.
Li Sòm 51
Koute Sòm 51
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 51:5-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo