Sòm 42

42
DEZYÈM LIV LA
(Sòm 42—72)
SÒM 42 (41)
Lapriyè yon egzile
(1) Pou #Jowèl 1.20 chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.
1(2) Menm #Sòm 63.1; 84.2,7; Eza 55.1; Jan 7.37; 1 Tes 1.9 jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè,
se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
2(3) Se #Sòm 80.5; 115.2; Mi 7.10 pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an.
Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?
3(4) Lajounen #1 Sam 1.15; 2 Sam 6.15; Sòm 62.8; Eza 30.29 kou lannwit m'ap kriye.
Se dlo ki sòti nan je m ki sèvi m manje.
Se tout tan moun ap mande m:
— Kote Bondye ou la?
4(5) Kè m #Sòm 43.5; 77.3; Lam 3.24; Mat 26.38; Jan 12.27 ap fann lè m chonje bagay tan lontan:
mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye.
Moun yo te konn fè fèt,
yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
5(6) Mwen #Det 3.9; Jo 2.7 pale ak tèt mwen, mwen di: — Poukisa m kagou konsa?
Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m?
M'ap met espwa m nan Bondye,
paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò.
Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
6(7) Wi, #Sòm 88.7; Jo 2.3 mwen kagou.
Se poutèt sa, kote m ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza,
tout tan lide m sou ou.
7(8) Yon #Det 28.8; Jòb 35.10; Sòm 77.6; 133.3; 149.5 lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l
lè gwo lapli ap tonbe.
Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.
8(9) Lajounen, #2 Sam 22.2; Sòm 38.6 Senyè a fè m anpil favè.
Lannwit, mwen chante yon chante pou li.
Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
9(10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m kache a:
— Poukisa ou bliye m konsa?
Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m,
lè lènmi m yo ap kraze m anba pye yo?
10(11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal.
Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m,
lè tout tan y'ap mande m:
— Kote Bondye ou la?
11(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa?
Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen?
M'ap mete espwa m nan Bondye,
paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò.
Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 42: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an