Sòm 34:1-22

Sòm 34:1-22 HAT98

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. (3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! (5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo. (6) Lè nou vire je nou gade l, sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont. (7) Lè moun ki san sekou yo rele l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. (8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. (9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen. (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen. (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a. (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l. (17) Men, Senyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo. (18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo. (21) L'ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l p'ap kraze. (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. (23) Senyè a ap delivre moun k'ap sèvi l yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l.