(29) Senyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a. (30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. (31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. (32) Ki moun ki Bondye si se pa Senyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an? (33) Se Bondye ki ban m fòs, li fè m mennen yon vi san repwòch. (34) Li asire pye m tankou pye kabrit. Li fè m mache sou mòn yo, san m pa tonbe. (35) Li moutre m jan pou m goumen. Li ban m fòs pou m sèvi ak pi gwo banza ki genyen. (36) Se ou menm, Senyè, ki pwoteje m. Se ou ki delivre m. Si m kapab leve kanpe, se paske ou renmen m. Pouvwa ou pa kite m tonbe. (37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
Li Sòm 18
Koute Sòm 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 18:28-36
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo