Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa m merite. Lavi m nan men ou. Ala yon bèl eritay ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m lan! M'ap fè lwanj Senyè a paske li ban m bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m sa pou m fè. Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. Se poutèt sa, kè m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.
Li Sòm 16
Koute Sòm 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 16:5-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo