(1b) Pwoteje m, Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou! Tout plezi m se pou m toujou la avè moun k'ap sèvi Senyè a nan peyi a. Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo. Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa m merite. Lavi m nan men ou. Ala yon bèl eritay ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m lan! M'ap fè lwanj Senyè a paske li ban m bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m sa pou m fè. Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. Se poutèt sa, kè m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye. Paske ou p'ap kite m kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.
Li Sòm 16
Koute Sòm 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 16:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo