Sòm 145

145
SÒM 145 (144)
Lwanj pou Bondye
(1a) Se #Sòm 99.5; 146.2 yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye.
1(1b) Bondye mwen,
wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa.
M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
2Chak jou m'ap di ou mèsi.
M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
3Senyè a #Sòm 48.1; Eza 40.28 gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre.
Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
4Papa #Det 3.24; Eza 38.19 va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè.
Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
5M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs.
M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
6Y'a #Sòm 78.4 di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou.
M'a rakonte jan ou gen fòs.
7Y'a #Eza 63.7 fè tout moun chonje jan ou gen bon kè.
Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
8Senyè a #Egz 34.6; Sòm 86.15 gen pitye pou nou. Li gen bon kè.
Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
9Senyè a #Sòm 100.5; Mat 5.45 bon pou tout moun san patipri.
Li gen pitye pou tou sa li fè.
10Senyè, #Sòm 19.1; 103.22 tou sa ou fè ap fè lwanj ou!
Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
11Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite.
Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,
12pou #Sòm 105.1 tout moun ka konnen jan ou gen fòs,
jan ou gouvènen avèk otorite.
13Gouvènman #Sòm 10.16; Da 4.34 ou lan la pou tout tan.
W'ap donminen pou tout tan.
Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo,
Li bon nan tou sa li fè.
14L'ap #Sòm 37.24; 146.8 soutni tout moun k'ap tonbe.
Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.
15Senyè, #Sòm 104.27,28 se sou ou tout moun ap gade.
Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
16Ou louvri men ou,
ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
17Senyè a #Sòm 116.5 san patipri nan tou sa l'ap fè.
Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
18Senyè a #Det 4.7; Sòm 119.151; Jan 4.23,24; Jak 4.8 kanpe toupre moun k'ap rele l,
toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.
19L'ap #Sòm 31.22; Pwo 10.24; Jan 9.31; 1 Jan 5.14 bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen.
Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.
20L'ap #Sòm 97.10 pwoteje tout moun ki renmen l.
Men, l'ap detwi tout mechan yo.
21M'a #Sòm 150.6 fè lwanj Senyè a ak bouch mwen.
Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa.
Se pou yo fè l tout tan tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 145: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an