Sòm 116

116
SÒM 116 (114-115)
Bondye delivre m anba lanmò
1Mwen #Sòm 18.1; 66.19 renmen Senyè a, paske li tande mwen,
li koute lapriyè mwen.
2Li te panche zòrèy li bò kote m
chak fwa mwen rele l.
3Lanmò #Sòm 18.4,5 te fin vlope m.
Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou.
Kè m te kase, mwen te nan gwo lapenn.
4Lè m #Sòm 18.6; 118.5 wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li:
— Tanpri, Senyè, delivre m non!
5Senyè a #Esd 9.15; Ney 9.8; Sòm 11.7; 86.15; Jer 12.1; Rev 16.5 gen kè sansib, li pa gen patipri.
Bondye nou an gen bon kè.
6Senyè a #Sòm 142.6 pwoteje moun ki san sekou.
Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
7Mwen #Sòm 13.6; Jer 6.16; Mat 11.29 mèt rete kè poze,
paske Senyè a te bon pou mwen.
8Senyè, #Sòm 56.13 ou delivre m anba lanmò.
Ou fè m sispann kriye.
Ou pa kite m bite.
9Se konsa m'a mache devan Senyè a,
nan peyi moun vivan yo.
10Mwen #2 Kor 4.13 te kenbe konfyans mwen fèm nan Senyè a, menm lè m t'ap di:
— Malè pa manke tonbe sou mwen!
11menm #Sòm 31.22; 62.9; Jer 9.5; Wòm 3.4 nan tèt chaje mwen te ye a, lè m t'ap di:
— Ou pa ka fè pèsonn konfyans!
12Kisa m'a fè pou Senyè a,
pou tout byen li fè pou mwen yo?
13M'a #Sòm 16.5; 105.1 ofri yon bwason bay Senyè a, paske li delivre m.
M'a rele l pou m di l mèsi.
14Nan #Sòm 50.14; Jo 2.9 mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini,
m'a fè sa m te pwomèt li a.
15Sa #Sòm 72.14 fè Senyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l yo mouri!
16Senyè, #Sòm 86.16; 119.125 mwen se yonn nan sèvitè ou yo.
Mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou.
Se ou ki te kase kòd ki te mare m yo.
17M'ap ofri bèt pou yo touye bay Senyè a,
m'ap rele l pou m di l mèsi.
18-19Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini,
nan mitan kay li a,
nan mitan lavil Jerizalèm
m'a fè sa m te pwomèt li a.
Lwanj pou Senyè a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 116: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an