Sòm 107:1-21

Sòm 107:1-21 HAT98

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, li mennen yo tounen sòti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid. Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pat kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pat kapab ankò. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje. Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pat okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouray yo anba travay di. Yo tonbe atè. Pat gen pèsonn pou ba yo men. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li fè yo sòti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo. Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo t fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal. Yo pat menm anvi manje, yo te prèt pou mouri. Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an