Sòm 107

107
SENKYÈM LIV LA
(Sòm 107—150)
SÒM 107 (106)
Lwanj Bondye pou bon kè li
1Lwanj #Sòm 106.1 pou Senyè a paske li bon!
Li p'ap janm sispann renmen nou!
2Wi, #Sòm 106.10; Eza 62.12 moun Senyè a delivre, se sa pou yo di!
Li te delivre yo anba men lènmi yo,
3li #Sòm 106.47; Eza 43.5,6; 49.12; Jer 29.14; Eze 39.27 mennen yo tounen sòti nan mitan lòt nasyon yo
ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche,
ki sou bò nò ak sou bò sid.
4Yo #Det 32.10 t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a.
Yo pat kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
5Yo t'ap mouri grangou.
Swaf dlo t'ap touye yo.
Yo santi yo pat kapab ankò.
6 # Sòm 50.15; 106.44 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.
7Li #Esd 8.21 kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo
dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
8Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay li fè pou moun.
9Li #Sòm 34.10; Lik 1.53 bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè.
Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
10Gen #Jòb 10.21; 36.8; Lik 1.79 ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a,
kote lavi yo te an danje anpil.
Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,
11paske #Sòm 78.40; 106.43; Pwo 1.30; Lik 7.30 yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la.
Yo pat okipe konsèy Bondye te ba yo.
12Li #Sòm 22.11 te kraze kouray yo anba travay di.
Yo tonbe atè. Pat gen pèsonn pou ba yo men.
13Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.
14Li #Sòm 107.10; Eza 49.9 fè yo sòti kote ki fè nwa a.
Li kase chenn ki te mare yo.
15Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
16Li #Eza 45.2 kraze gwo pòt an fè yo.
Li kase bawo an fè yo.
17Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo t fè.
Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal.
18Yo #Jòb 33.20,22 pat menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.
19Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.
20Li #2 Wa 20.5; Sòm 103.3,4; Mat 8.8 louvri bouch li, li pale epi yo geri.
Li wete yo nan bouch twou a.
21Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
22Se #Sòm 9.11; 50.14; Eb 13.15 pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l mèsi.
Se pou yo rakonte tou sa li fè.
Se pou yo chante tèlman yo kontan.
23Gen #Eza 42.10 ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè.
Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv.
24Yo te wè sa Senyè a te fè.
Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.
25Li #Jo 1.4 louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve.
Sa fè lanm lanmè yo move.
26Batiman #Sòm 22.14 yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo.
Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouray yo.
27Tèt #Jòb 12.25 yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou.
Yo pèdi tout ladrès yo.
28Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a.
Li wete yo nan lafliksyon sa a.
29Li #Sòm 65.7 kase gwo van an.
Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.
30Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl.
Senyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo taprale a.
31Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo,
pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
32Se #Sòm 22.22,25 pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini.
Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.
33Senyè a #Eza 42.15; 50.2; Na 1.4 fè larivyè yo cheche nèt.
Li fè sous yo pa bay dlo ankò.
34Li #Jen 13.10; 19.24-28 te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin,
paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.
35Li #Jòb 38.26,27; Eza 35.7; 41.18 fè dezè yo tounen ma dlo.
Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
36Se la li fè moun ki te grangou y moute kay yo.
Yo bati yon lavil pou yo rete.
37Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen
ki bay bèl rekòt.
38Li #Jen 12.2 beni yo, li ba yo anpil pitit,
li pa kite bèt yo depeple.
39Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye,
paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri,
yo te nan mizè.
40Men, #Jòb 12.21,24 Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo,
li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,
41se #1 Sam 2.8; Jòb 21.11; Sòm 113.7 li ki wete pòv malere yo nan mizè.
Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.
42Moun #Jòb 5.16; 22.19; Sòm 63.11 ki mache dwat yo wè sa, yo kontan.
Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.
43Se #Jer 9.12; Da 12.10; Oze 14.9 pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo!
Se pou yo rekonèt jan Senyè a gen bon kè!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 107: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an