Sòm 106:31-48

Sòm 106:31-48 HAT98

Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan. Pèp la te fè Senyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo. Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pat gendwa fè. Yo pat detwi moun lòt nasyon yo jan Senyè a te mande yo fè a. Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye. Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo. Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo. Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo. Senyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. Men, Senyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele. Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo. Delivre nou non, Senyè, Bondye nou. Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!