Bon konprann bati kay li, li kanpe l avèk sèt gwo poto. Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje. Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo: Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo: Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non! Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
Li Pwovèb 9
Koute Pwovèb 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 9:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo