Filipyen 1:12-26

Filipyen 1:12-26 HAT98

Frè m yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m lan, yo pi fè travay predikasyon bòn nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay. Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m nan prizon. Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Senyè a. Sa ba yo plis kouray kounyeya pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen. Gen ladan yo k'ap preche Kris la paske yo gen jalouzi nan kè yo. Gen lòt menm, se pou fè moun konkirans. Men gen lòt tou k'ap preche ak bon santiman. Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l, paske yo konnen se Bondye menm ki ban m travay sa a pou m ka defann bòn nouvèl la. Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l pou chache m kont. Yo konprann yo ka fè m lapenn antan m nan prizon an. Men, sa pa fè m anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m kontan. M'ap pi kontan toujou, paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen. Paske, mwen ta renmen pou m pa sòti wont nan anyen. Se la tout espwa m pou m ka pale ak kouray, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri. Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany. Men si viv sou tè sa a toujou, sa ap pèmèt mwen akonpli kèk bagay itil, nan ka sa a mwen pa konn sa pou m'chwazi. Mwen anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab. Men akoz nou menm, li ta pi bon pou mwen sou tè a toujou. Mwen sèten se sa k'ap rive menm. Se poutèt sa, mwen konnen mwen gen pou m rete, pou m ka viv ansanm ak nou, pou m ede nou grandi, pou m ka fè nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye. Konsa, lè m'a tounen bò kote nou, m'a ban nou yon bèl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.