Filipyen 1

1
Salitasyon
1Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè #1 Kor 1.2; 1 Tim 3.1,8 Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou. 2Nou #Wòm 1.7 mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Pòl lapriyè pou kretyen lavil Filip yo
3Mwen #Wòm 1.8; 1 Kor 1.4 di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. 4Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, 5poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya. 6Mwen #Fil 2.13; 1 Kor 1.6-8 sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive. 7Se tou nòmal pou m fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m, nou tout ki kanpe la avè m nan tout favè Bondye fè m, kit lè mwen nan prizon tankou kounyeya, kit lè mwen te lib pou m defann bòn nouvèl la, pou m moutre se laverite li ye. 8Mwen #Wòm 1.9; 2 Kor 1.23; 1 Tes 2.5 pran Bondye sèvi m temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki sòti nan Jezikri.
9Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, 10pou #Wòm 2.18; 12.2; 1 Tes 5.23; Eb 5.14 nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè Kris la va vini. 11Konsa, #Ef 5.9; 1.6,12,14; Jan 15.8 Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
Se Kris la ki tout lavi m
12Frè m #2 Tim 2.9 yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m lan, yo pi fè travay predikasyon bòn nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay. 13Se #Fil 4.22; Ef 3.1 konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m nan prizon. 14Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Senyè a. Sa ba yo plis kouray kounyeya pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen.
15Gen ladan yo k'ap preche Kris la paske yo gen jalouzi nan kè yo. Gen lòt menm, se pou fè moun konkirans. Men gen lòt tou k'ap preche ak bon santiman. 16Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l, paske yo konnen se Bondye menm ki ban m travay sa a pou m ka defann bòn nouvèl la. 17Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l pou chache m kont. Yo konprann yo ka fè m lapenn antan m nan prizon an.
18Men, #Fil 2.17,18 sa pa fè m anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m kontan. M'ap pi kontan toujou, 19paske #Jòb 13.16; 2 Kor 1.11 mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen. 20Paske, #1 Pyè 4.16 mwen ta renmen pou m pa sòti wont nan anyen. Se la tout espwa m pou m ka pale ak kouray, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri. 21Paske #Gal 2.20 viv pou mwen se Kris, mouri se gany. 22Men #Wòm 1.13 si viv sou tè sa a toujou, sa ap pèmèt mwen akonpli kèk bagay itil, nan ka sa a mwen pa konn sa pou m'chwazi. 23Mwen #1 Wa 19.4; 2 Kor 5.8 anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab. 24Men akoz nou menm, li ta pi bon pou mwen sou tè a toujou. 25Mwen sèten se sa k'ap rive menm. Se poutèt sa, mwen konnen mwen gen pou m rete, pou m ka viv ansanm ak nou, pou m ede nou grandi, pou m ka fè nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye. 26Konsa, lè m'a tounen bò kote nou, m'a ban nou yon bèl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.
27Sèl #Kol 1.10; Fil 4.3; 1 Tes 2.12 bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye. 28Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye. 29Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou. 30Batay #Tra 16.22 n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an.

Chwazi Kounye ya:

Filipyen 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an