Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: — Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou. Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l, konbe yo ye, ak ki fòs yo. Chache konnen si tè a se yon bon tè osinon yon move tè, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal. Chache konnen si peyi a rich osinon pòv, si gen anpil pyebwa sou tè a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pè anyen. Lè n'ap tounen, pote kèk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi.
Li Nonb 13
Koute Nonb 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 13:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo