Men lè sa a, mwen di yo: — Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont. Lè sa a, mwen fè yo konnen kijan Bondye te la avèk mwen pou pwoteje mwen, epi tou sa lanperè a te di mwen. Yo reponn: — Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: — Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a! Mwen reponn, mwen di yo: — Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen okenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pèsonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.
Li Neyemi 2
Koute Neyemi 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Neyemi 2:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo