Neyemi 2:1-8

Neyemi 2:1-8 HAT98

Lè sa a, lanperè Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Nou te nan mitan mwa mas-avril. Jou sa a, se te tou pa mwen pou m'te sèvi lanperè a diven. Mwen pote bwason ba li. Li pa te janm wè mwen parèt kagou konsa devan l. Epi li di m konsa: — Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k'ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m'ap mande nan kè m sa ki pral rive m. Mwen reponn li: — Mwen swete, o lanperè, pou ou viv lontan! Men kijan m'ta fè pa kagou a, lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè tout pòtay li yo fin boule rapyetè a? Lanperè a di mwen: — Kisa ou ta renmen mwen fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye nan syèl la nan kè mwen. Epi mwen reponn li: — Si sa fè lanperè plezi, si lanperè kontan jan m'ap sèvi li, tanpri, kite mwen ale peyi Jida, nan vil kote zansèt mwen yo antere pou mwen ka rebati li. Lanperè a te chita ak premyedam lan bò kote li, li mande mwen: — Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'ap tounen? Mwen di li konbe tan sa ka pran mwen. Epi li dakò pou li kite mwen ale. Lè sa a, mwen di lanperè a: — Si sa fè lanperè plezi, lanperè ta fè ekri lèt ban mwen pou gouvènè pwovens lòtbò larivyè Lefrat yo, pou yo kite mwen pase jouk mwen rive peyi Jida. Li ta ban mwen yon lèt tou pou Azaf, chèf reskonsab forè leta yo, pou li ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje Tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m'rete a. Lanperè a ban mwen tou sa mwen te mande li paske Bondye te avèk mwen.