Neyemi 1:1-11

Neyemi 1:1-11 HAT98

Men istwa Neyemi, pitit gason Akalya, jan li menm li te rakonte li. Se te nan bò mwa novanm-desanm. Lè sa a, Atagzèsès te gentan sou ventan depi li t'ap gouvènen. Mwenm menm Neyemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. Anani, yonn nan frè m yo, rive sòti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te sòti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm. Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba a nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo fin kraze. Gwo pòtay yo menm, yo nan menm eta a toujou depi dife te fin boule yo a. Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. Mwen di: — Aa, Senyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou kounyeya, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche. Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou. Koulyeya, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun Izrayèl, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou nan mitan tout lòt nasyon yo sou latè. Men, si nou vin jwenn mwen, si nou swiv kòmandman mwen yo pou fè sa mwen di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, m'ap rasanble nou, m'ap fè nou retounen kote mwen chwazi pou nou rete a. Enben! Senyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a. Aa Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè, mwen menm, Sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi gen krentif pou ou! Tanpri, Senyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jodi a. Fè lanperè a resevwa mwen byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz lanperè a.