Mak 9:9-27

Mak 9:9-27 HAT98

Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: — Pa di pèsonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan pami mò yo. Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo? Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan. Li reponn yo: — Se vre wi. Eli gen pou l vin anvan pou l mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l soufri anpil, yo p'ap manke pase l nan betiz? Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle avè l, jan sa te ekri sou li a. Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo. Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l bonjou. Li mande disip li yo: — Sa n'ap diskite konsa? Yon nonm nan foul moun yo reponn li: — Mèt, mwen te mennen ti gason m lan ba ou. Li anba yon move lespri ki rann li bèbè. Nenpòt ki kote lespri a pran l, li fese l atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l, epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pat kapab. Jezi di yo: — Ala jenerasyon san konfyans! Jouk konbe tan nou konprann m'ap rete nan mitan nou ankò? Jouk konbe tan pou mwen sipòte nou ankò? Mennen tibway la ban mwen non. Yo mennen l ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. Jezi mande papa a: — Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: — Depi li tou piti wi. Anpil fwa menm, move lespri a jete l nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: — Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou. Lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li pale byen sevè ak movèzespri a, li di li: — Lespri bèbè, lespri soudè, mwen kòmande ou: Soti sou tibway la touswit, pa janm tounen sou li ankò. Move lespri a souke tibway la byen souke. Li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Ti gason an te rete tankou si l te mouri atè a, kifè anpil moun te gentan ap di: — Li mouri wi. Men Jezi pran men l, li fè l leve. Lamenm, ti gason an kanpe.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an