Mak 9:38-50

Mak 9:38-50 HAT98

Jan di l konsa: — Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou. Jezi reponn li: — Kite l non. Paske yon moun ki pran non m pou fè mirak pa kapab pale m mal apre sa. Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye. Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gendwa pèdi rekonpans li. — Imajine yon moun ki ta fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an tonbe nan peche! Franchman, prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l, voye l jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri. [ Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.] Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l, voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. [ Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.] Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè. La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri. Paske tout moun gen pou pase nan dife. Tout moun ap pase nan sèl. — Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n sale l ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an