Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan apa avèk li. Li menmen yo poukont yo sou yon mòn byen wo. Epi Jezi transfòme devan yo; rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa. Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi. Pyè pran lapawòl, li di Jezi: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pat konnen sa pou l te di tèlman yo te pè. Yon nyaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li. Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agòch, men yo pa wè pèsonn pase. Jezi ki te pou kont li avèk yo.
Li Mak 9
Koute Mak 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 9:2-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo