Mak 8:1-13

Mak 8:1-13 HAT98

Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pat gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa: — Kè m fè m mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, yo fin manje tou sa yo te pote. Si m voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki sòti byen lwen. Disip li yo reponn li: — Nan dezè sa a, ki bò pou n jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo? Jezi mande yo: — Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: — Nou gen sèt pen. Lè sa a, li fè foul la chita. Li pran sèt pen yo. Li rann Bondye gras. Li separe yo epi li bay disip yo distribye bay foul la. Disip yo mache bay tout moun pen. Te gen kèk pwason la tou. Jezi rann Bondye gras pou yo, epi li mande disip yo mache distribye bay tout moun. Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete. Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale. Touswit apre sa, li moute nan kannòt la avèk disip li yo, l'ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta. Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l pou l fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a. Jezi bay yon gwo soupi nan kè l, li di yo konsa: — Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak. Apre sa, li vire do l ba yo, li tounen nan kannòt la. Li pati pou lòt bò lanmè a.