Jezi kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache. Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l, li lage kò l nan pye Jezi. (Fanm sa a pat jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: — Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m lan. Men Jezi di li konsa: — Kite vant timoun yo fin plen anvan non. Paske li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen. Fanm lan reponn li: — Se vre wi, Mèt. Men ti chen ki anba tab ka manje ti kal manje timoun yo jete atè. Lè sa a Jezi di li: — Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a sòti sou pitit fi ou la. Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gentan sòti sou li.
Li Mak 7
Koute Mak 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 7:24-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo