Mak 6:6-34

Mak 6:6-34 HAT98

Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinay la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri. Li pase yo lòd sa a: — Pa pran anyen pou vwayaj la, esèpte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou. Epi li di yo ankò: — Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati. Men si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, vire do ale fè wout nou. Souke pousyè nan pye nou pou sa sèvi yo avètisman. Douz disip yo pati. Y'al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye. Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo. Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l toupatou. Gen moun ki t'ap di: — Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo. Gen lòt ki t'ap di tou: — Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: — Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo. Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: — Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò. Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. Se konsa, Jan te di li: — Ou pa gendwa pran madanm frè ou pou madanm ou. Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. Men, li pat kapab, paske Ewòd pou tèt pa l te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sa k fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l pale tou, menm si apre sa kè l te boulvèse. Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resèpsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: — Mande m nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li. Ewòd sèmante ba li, li di l konsa: — Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an. Madmwazèl la sòti, l'al di manman li: — Kisa m ta mande? Manman an reponn li: — Mande tèt Jan Batis. Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l demann sa a: — Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis kounyeya, nan yon plato. Kè wa a kase. Men, li pat kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou l'al chache tèt Jan Batis pote vini. Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Li pote l vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la. Madmwazèl la menm pote l bay manman li. Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l nan yon kavo. Tounen apot yo retounen sot nan misyon, yo vin rakonte Jezi tou sa yo fè ak tou sa yo di. Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: — Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo. Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun. Men, anpil moun te wè lè y ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri sòti nan tout bouk yo, yo gentan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li. Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.