Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinay la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri. Li pase yo lòd sa a: — Pa pran anyen pou vwayaj la, esèpte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou. Epi li di yo ankò: — Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati. Men si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, vire do ale fè wout nou. Souke pousyè nan pye nou pou sa sèvi yo avètisman. Douz disip yo pati. Y'al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye. Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.
Li Mak 6
Koute Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:6-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo