— Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa: — Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la. Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje.
Li Mak 6
Koute Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:38-44
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo