Mak 6:31-44

Mak 6:31-44 HAT98

Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: — Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo. Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun. Men, anpil moun te wè lè y ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri sòti nan tout bouk yo, yo gentan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li. Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay. Lè li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Poukisa nou menm, nou pa ba yo manje pito? Disip yo reponn li: — Ou ta vle pou n'al achte mil (1000) goud pen bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo: — Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa: — Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la. Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje.