Mak 6:30-56

Mak 6:30-56 HAT98

Tounen apot yo retounen sot nan misyon, yo vin rakonte Jezi tou sa yo fè ak tou sa yo di. Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: — Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo. Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun. Men, anpil moun te wè lè y ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri sòti nan tout bouk yo, yo gentan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li. Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay. Lè li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Poukisa nou menm, nou pa ba yo manje pito? Disip yo reponn li: — Ou ta vle pou n'al achte mil (1000) goud pen bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo: — Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa: — Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la. Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje. Toutswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan nan direksyon Betsayida. Jezi menm rete dèyè pou ranvwaye foul la. Apre li fin ranvwaye yo, l'al lapriyè sou yon ti mòn. Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè. Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo rame paske van an te kont yo. Vè twazè dimaten, Jezi pran mache sou lanmè a pou l'ale jwenn disip yo. Li te fè kòmsi li vle depase yo. Men lè yo wè l'ap mache sou lanmè a, yo te kwè se te yon zonbi. Yo pran rele. Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: — Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi. Yo pat konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou. Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè. Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. Pèp la kouri vini sot toupatou nan tout peyi a. Yo pote malad tou kouche ba li kote yo tande li ye a. Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.