Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resèpsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: — Mande m nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li. Ewòd sèmante ba li, li di l konsa: — Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an. Madmwazèl la sòti, l'al di manman li: — Kisa m ta mande? Manman an reponn li: — Mande tèt Jan Batis.
Li Mak 6
Koute Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:21-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo