Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. Se konsa, Jan te di li: — Ou pa gendwa pran madanm frè ou pou madanm ou. Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. Men, li pat kapab, paske Ewòd pou tèt pa l te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sa k fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l pale tou, menm si apre sa kè l te boulvèse.
Li Mak 6
Koute Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo