Mak 6:14-56

Mak 6:14-56 HAT98

Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l toupatou. Gen moun ki t'ap di: — Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo. Gen lòt ki t'ap di tou: — Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: — Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo. Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: — Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò. Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. Se konsa, Jan te di li: — Ou pa gendwa pran madanm frè ou pou madanm ou. Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. Men, li pat kapab, paske Ewòd pou tèt pa l te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sa k fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l pale tou, menm si apre sa kè l te boulvèse. Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resèpsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: — Mande m nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li. Ewòd sèmante ba li, li di l konsa: — Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an. Madmwazèl la sòti, l'al di manman li: — Kisa m ta mande? Manman an reponn li: — Mande tèt Jan Batis. Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l demann sa a: — Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis kounyeya, nan yon plato. Kè wa a kase. Men, li pat kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou l'al chache tèt Jan Batis pote vini. Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Li pote l vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la. Madmwazèl la menm pote l bay manman li. Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l nan yon kavo. Tounen apot yo retounen sot nan misyon, yo vin rakonte Jezi tou sa yo fè ak tou sa yo di. Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: — Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo. Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun. Men, anpil moun te wè lè y ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri sòti nan tout bouk yo, yo gentan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li. Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay. Lè li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Poukisa nou menm, nou pa ba yo manje pito? Disip yo reponn li: — Ou ta vle pou n'al achte mil (1000) goud pen bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo: — Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa: — Nou gen senk pen ak de pwason. Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la. Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san. Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje. Toutswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan nan direksyon Betsayida. Jezi menm rete dèyè pou ranvwaye foul la. Apre li fin ranvwaye yo, l'al lapriyè sou yon ti mòn. Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè. Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo rame paske van an te kont yo. Vè twazè dimaten, Jezi pran mache sou lanmè a pou l'ale jwenn disip yo. Li te fè kòmsi li vle depase yo. Men lè yo wè l'ap mache sou lanmè a, yo te kwè se te yon zonbi. Yo pran rele. Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: — Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi. Yo pat konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou. Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè. Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. Pèp la kouri vini sot toupatou nan tout peyi a. Yo pote malad tou kouche ba li kote yo tande li ye a. Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an