Jezi kite kote l te ye a, l'ale nan lavil kote l te grandi a. Disip li yo te ale avè l tou. Lè jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo: — Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo? Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon pou tonbe nan peche. Se konsa Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite nan peyi li, nan fanmi li, ni lakay li. Se konsa li pat kapab fè okenn mirak la, esèpte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo. Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li.
Li Mak 6
Koute Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo