Mak 6:1-13

Mak 6:1-13 HAT98

Jezi kite kote l te ye a, l'ale nan lavil kote l te grandi a. Disip li yo te ale avè l tou. Lè jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo: — Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo? Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon pou tonbe nan peche. Se konsa Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite nan peyi li, nan fanmi li, ni lakay li. Se konsa li pat kapab fè okenn mirak la, esèpte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo. Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinay la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri. Li pase yo lòd sa a: — Pa pran anyen pou vwayaj la, esèpte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou. Epi li di yo ankò: — Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati. Men si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, vire do ale fè wout nou. Souke pousyè nan pye nou pou sa sèvi yo avètisman. Douz disip yo pati. Y'al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye. Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.