Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete de pye l' nan yon sèp fè, yo te mare men li tou ak chenn. Men chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa te gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap kòche kò li ak wòch. Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l konsa: — Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri. (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.) Lè sa a, Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn li: — Yo rele m Rejiman, paske nou anpil. Epi li di Jezi: — Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a.
Li Mak 5
Koute Mak 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 5:2-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo