Mak 5:1-20

Mak 5:1-20 HAT98

Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo. Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete de pye l' nan yon sèp fè, yo te mare men li tou ak chenn. Men chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa te gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap kòche kò li ak wòch. Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l konsa: — Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri. (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.) Lè sa a, Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn li: — Yo rele m Rejiman, paske nou anpil. Epi li di Jezi: — Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. Te gen yon dal kochon ki t'ap manje sou mòn toupre a. Tout move lespri yo pran mande Jezi: — Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non pou n antre nan yo. Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun sòti toupatou vin wè sa k te rive. Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l, byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. Lè sa a, yo mande Jezi: — Tanpri souple, kite peyi a. Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l pèmisyon pou l'ale avè l tou. Men, Jezi pat kite l ale, li di l konsa: — Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou. Nonm lan pati. L'ale nan tout rejyon Dekapòl la. Li kòmanse rakonte tout sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l'ap pale.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an