Mak 5:1-13

Mak 5:1-13 HAT98

Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo. Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn. Anpil fwa, yo te mete de pye l' nan yon sèp fè, yo te mare men li tou ak chenn. Men chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa te gen fòs ase pou donte li. Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap kòche kò li ak wòch. Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. Li pran rele byen fò, li di l konsa: — Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri. (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.) Lè sa a, Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn li: — Yo rele m Rejiman, paske nou anpil. Epi li di Jezi: — Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. Te gen yon dal kochon ki t'ap manje sou mòn toupre a. Tout move lespri yo pran mande Jezi: — Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non pou n antre nan yo. Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.