Apre sa, manman Jezi ak frè l yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li. Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l konsa: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou. Li reponn yo: — Kilès ki manman m, kilès ki frè mwen? Epi li pwonmennen je l sou moun ki te chita sou kote l yo, li di konsa: — Gade: men manman m, men frè m yo. Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman mwen.
Li Mak 3
Koute Mak 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 3:31-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo