Mak 2:13-28

Mak 2:13-28 HAT98

Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay. Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi. Pita, Jezi t'ap manje lakay Levi. Te gen pèseptè kontribisyon ak lòt pechè la tou. Tout moun sa yo te atab ak li ansanm ak disip li yo. Kèk direktè lalwa nan gwoup farizyen yo epi ak lòt pechè, yo mande disip Jezi yo: — Poukisa l'ap manje ak pèseptè yo epi ak tout pechè sa yo? Tande Jezi tande yo di sa, li reponn yo: — Moun lasante pa bezwen doktè. Se moun malad ki chache chemen doktè. Enben, mwen pa vin rele moun ki konnen yo bon. Mwen vini pou sila yo ki konnen se pechè yo ye. Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: — Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn? Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje. — Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou. Pesonn p'ap mete diven fèk fèt pou bouche l' nan vye boutèy. Si ou fè sa, diven an va pete vye boutèy yo epi w'ap pèdi ni diven an ni boutèy yo. Men diven fèk fèt dwe bouche nan boutèy nèf. Yon jou samdi, Jezi t'ap pase yon kote ki gen jaden ble. Antan disip yo t'ap mache arebò wout la, yo t'ap rale kèk grap ble. Farizyen yo di li konsa: — Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a? Jezi reponn yo: — Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l yo ki te grangou? Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gendwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l yo manje tou. Jezi di yo ankò: — Saba fèt pou moun. Se pa moun ki fèt pou saba. Konsa tou, mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an