Lè yo leve je yo, yo wè yo te gentan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch. Yo antre nan kavo a, yo wè yon jennonm chita adwat. Li te gen yon wòb tou blan sou li. Medam yo te pantan, afòs yo te pè. Men jennonm lan di yo: — Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, nonm Nazarèt, yo te kloure sou kwa a? Enben, li pa isit la ankò. Li resisite. Gade! Men kote yo te mete li a. Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, l'al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l, jan l te di yo a.
Li Mak 16
Koute Mak 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 16:4-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo