Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi. Vè twazè, Jezi rele byen fò: — Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l pale. Yo di: — Koute. Men l'ap rele Eli. Yonn nan yo kouri, l'al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Epi li di: — Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a! Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. Rido nan Tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l wè Jezi mouri konsa, li di: — Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon. Te gen kèk fanm la tou. Men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome. Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li.
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:33-41
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo