Li te nevè nan maten lè yo te kloure l sou kwa a. Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! Yo te kloure Jezi nan mitan de ansasen, yonn sou chak bò. [ Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l ansanm ak mechan yo.] Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l. Yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: — Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l nan twa jou, sove tèt ou non, desann sou kwa a. Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l nan rizib. Yonn t'ap di lòt: — Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li! Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a kounyeya. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l tou.
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:25-32
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo