Yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou Jezi. Yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l nan tèt li. Epi yo pran salwe l konsa: — Bonjou, wa jwif yo! Yo ba l kou nan tèt avèk yon baton wozo. Yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li. Apre yo fin pase l nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la. Yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa. Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap sòti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:17-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo