Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini. Yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou Jezi. Yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l nan tèt li. Epi yo pran salwe l konsa: — Bonjou, wa jwif yo! Yo ba l kou nan tèt avèk yon baton wozo. Yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li. Apre yo fin pase l nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la. Yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa. Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap sòti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la). Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l te bwè. Men, li pa pran li. Apre yo fin kloure li sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo. Yo fè tirajosò pou konnen sa ki t'ap vini pou yo chak.
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:16-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo