Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb. Li kite yo ankò, l'al fè menm lapriyè a. Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pat kapab kenbe je yo louvri. Yo pat konn sa pou yo te reponn li. Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo. Leve non. Men moun ki trayi mwen an ap vini.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:37-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo