Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: — Chita la, mwen pral lapriyè pi devan. Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: — Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou. Lale yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè. Li mande si se posib pou l pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. Li t'ap di: — O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a. Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb. Li kite yo ankò, l'al fè menm lapriyè a. Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pat kapab kenbe je yo louvri. Yo pat konn sa pou yo te reponn li. Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo. Leve non. Men moun ki trayi mwen an ap vini.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:32-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo