Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a. Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:22-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo