Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm? Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:17-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo