Nan de jou, se te fèt Pak ak fèt Pen San Ledven. Chèf prèt yo ak direktè lalwa yo t'ap chache okazyon arete Jezi san pesonn pa konn sa, pou fè touye li. Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la. Jezi te Betani, lakay Simon, nèg ki te gen lalèp la. Pandan li te atab, yon madamn vin antre. Li te pote yon ti boutèy pòslèn plen losyon byen chè. Madamn lan dekachte boutèy la, li vide tout losyon an sou tèt Jezi. Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pat kontan menm, yonn t'ap di lòt: — Poukisa tout gaspiyay odè sa a? Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Men Jezi di yo: — Kite l an repo. Poukisa n'ap fè l tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan avèk nou. Fanm lan fè sa l te kapab. Depi davans li tou benyen kò m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse Bòn Nouvèl la, y'a rakonte tou sa fanm lan fè la a pou yo pa janm bliye li.
Li Mak 14
Koute Mak 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 14:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo